Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l Kayen, epi li di:
— Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason.
Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè.
Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Senye a. Abèl menm, bò pa l, pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l yo, li ofri bay Senyè a. Senyè a te kontan ofrann Abèl la. Men, li pa te asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li nève, li move, li mare figi li byen mare. Lè sa a, Senyè a di Kayen:
— Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa? Si sa ou fè a te byen, ou pa ta rive nan eta sa a. Men paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou, l'ap tann ou konsa. Se ou menm ki pou donte li.
Yon jou, Kayen t'ap pale ak frè li Abèl, epi antan yo nan jaden an konsa, li vire li sèvi Abèl yon kou, li touye li frèt. Senyè a mande Kayen:
— Kote frè ou Abèl?
Kayen reponn:
— Mwen pa konnen. Epitou, èske se mwen ki gadò li?
Bondye di konsa:
— Poukisa ou fè sa ou fè a? San Abèl, frè ou, ki koule a, l'ap rele. Vwa a rive jouk nan zòrèy mwen.