Apre sa Tama leve, l'al fè wout li. Li wete vwal la, epi li mete rad vèv li sou li ankò. Jida voye zanmi l, moun lavil Adoulam lan, ak jenn kabrit la pou l te ka reprann sa l te bay fanm lan kenbe a. Men zanmi l lan pat kapab jwenn fanm lan. Li mande mesye ki te la yo: — Kote jennès ki te chita bò chemen an, sou pòtay lavil Enayim lan? Yo reponn li: — Pa janm gen okenn jennès bò isit la. Li tounen al jwenn Jida, li di l: — Mwen pa jwenn li non. Mesye nan zòn lan di m pa janm gen okenn jennès bò la. Jida di l: — Pa fatige kò ou chache reprann sa k nan men l lan. Moun va pase m nan betiz twòp. Mwen voye kabrit la ba li, ou pa jwenn li. Kite sa!
Li Jenèz 38
Koute Jenèz 38
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 38:19-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo