Lè sa a, Jida kite frè l yo, l'al jwenn Ira, yon nonm lavil Adoulam. Antan li la, li wè yon fi. Papa fi a te yon moun peyi Kanaran yo te rele Chwa. Jida marye ak fi a, li kouche avè l. Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason. Jida rele pitit la Er. Madanm lan vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason, yo rele l Onan. Li fè yon lòt pitit gason ankò, yo rele l Chela. Jida te lavil Kezib lè madanm li fè Chela. Jida chwazi yon fi yo rele Tama pou Er, premye pitit gason l lan. Men Er, premye pitit Jida a, pat fè Senyè a plezi paske li te twò mechan. Se konsa Senyè a te fè l mouri. Lè sa a, Jida di Onan: — Ale jwenn madanm frè ou la, kouche avè l. Se devwa ou, paske ou se frè mari l ki mouri. Konsa, w'a fè yon pitit pou frè ou pou non li pa pèdi. Men Onan te konnen pitit la pa t'ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pat fè pitit pou frè li a. Sa l t'ap fè a pat fè Senyè a plezi. Se konsa Senyè a fè l mouri tou.
Li Jenèz 38
Koute Jenèz 38
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 38:1-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo