Ban mwen madanm mwen yo ansanm ak timoun yo pou m ka ale, paske se pou yo mwen t'ap sèvi ak ou. Ou konnen tout kantite sèvis mwen rann ou. Laban reponn li: — Fè m plezi sa a: mwen rekonèt se poutèt ou Senyè a beni m tout beni sa a. Di m sa pou m peye ou, m'a ba ou li. Jakòb di l: — Ou konnen jan mwen sèvi avè ou. Ou wè ki jan bann bèt ou yo peple depi yo nan men m. Ti sa ou te genyen anvan m te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m isit la. Akòz mwen Senyè a pa manke beni ou. Alèkile, li lè pou m al travay pou tèt pa mwen. Laban di l: — Kisa pou m ba ou? Jakòb reponn li: — Ou pa bezwen peye m pou sa. Men si ou dakò avèk sa mwen pral di ou la, m'a rete ankò pou okipe bèt ou yo.
Li Jenèz 30
Koute Jenèz 30
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 30:26-31
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo