Apre Rachèl te fè Jozèf, Jakòb di Laban konsa: — Kite m pati pou male lakay mwen nan peyi mwen. Ban mwen madanm mwen yo ansanm ak timoun yo pou m ka ale, paske se pou yo mwen t'ap sèvi ak ou. Ou konnen tout kantite sèvis mwen rann ou. Laban reponn li: — Fè m plezi sa a: mwen rekonèt se poutèt ou Senyè a beni m tout beni sa a. Di m sa pou m peye ou, m'a ba ou li. Jakòb di l: — Ou konnen jan mwen sèvi avè ou. Ou wè ki jan bann bèt ou yo peple depi yo nan men m. Ti sa ou te genyen anvan m te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m isit la. Akòz mwen Senyè a pa manke beni ou. Alèkile, li lè pou m al travay pou tèt pa mwen. Laban di l: — Kisa pou m ba ou? Jakòb reponn li: — Ou pa bezwen peye m pou sa. Men si ou dakò avèk sa mwen pral di ou la, m'a rete ankò pou okipe bèt ou yo. Jòdi a, mwen pral pwonmennen mache nan mitan tout bèt ou yo. M'ap pran tout ti mouton nwa, ak tout ti kabrit ki takte osinon pentle yo, m'ap mete yo apa. Se sa ase w'a ban mwen pou sèvis mwen. Lè w'a vin wè sa ou dakò ban mwen an, w'a konnen si m te fè vis, wi ou non. Lè w'a vin kontwole sa ki pou mwen yo, si mwen gen yon mouton ki pa nwa, osinon yon kabrit ki pa takte ou ki pa pentle, ou mèt konnen se vòlè mwen vòlè ou. Laban reponn li: — Dakò. N'a fè l jan ou di l la. Men menm jou a, Laban wete tout bouk kabrit ki te gen pwal takte osinon ki te gen re sou tout kò yo, ak tout fenmèl kabrit ki te gen pwal takte osinon pentle, ou ankò ki te gen tach blan sou yo. Li wete tout mouton nwa yo, li pran tout bèt sa yo, li renmèt yo bay pitit gason l yo. Apre sa, li pati byen lwen Jakòb avèk bann bèt li yo, li mache pandan twa jou epi li rete. Jakòb menm te pran swen rès mouton ak kabrit Laban yo.
Li Jenèz 30
Koute Jenèz 30
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 30:25-36
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo