Jenèz 3:14-19
Jenèz 3:14-19 HAT98
Senyè a, Bondye a, di sèpan an konsa: — Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri. Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l nan talon pye l. Li di fanm lan: — Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. W'a gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou. Apre sa li di Adan: — Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv. Tè a va kale tout kalite pikan ak pengwen ba ou. W'a manje fèy ki pouse nan raje. Se swe kouray ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè w'a tounen nan tè kote ou sòti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.

