Se konsa Jakòb pase setan ap travay kay Laban pou l te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a. Lè lè a rive, Jakòb di Laban: — Bon. Li lè atò pou ou ban m pitit fi ou la pou m ka marye avè l. Se konsa Laban fè yon gwo resèpsyon nòs, li envite tout moun nan kanton an. Men aswè, li te pran Leya, pitit fi li a, li mennen l bay Jakòb ki kouche avè l. Laban te pran Zilpa, yonn nan sèvant li yo, li bay Leya pou sèvant pa li. Nan denmen maten, Jakòb vin wè se Leya yo te ba li. Li di Laban: — Kisa ou fè m konsa? Eske se pa pou Rachèl mwen te sèvi avèk ou? Poukisa ou ban m koutba sa a?
Li Jenèz 29
Koute Jenèz 29
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 29:20-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo