Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jenèz 28:11-16

Jenèz 28:11-16 HAT98

Li rive yon kote, li rete pase nwit la la, paske solèy te fin kouche. Li pran yon wòch sèvi l zòrye, epi li kouche atè a konsa pou l dòmi. Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la. Epi li wè Senyè a kanpe anwo nechèl la. Senyè a t'ap di: — Se mwen menm, Senyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo. Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè. Pa bliye, m'ap toujou la avèk ou, m'ap voye je sou ou kote ou pase. M'ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p'ap lage ou san m pa fè tou sa mwen sot di ou la a. Jakòb leve nan dòmi an, li di: — Wè pa wè, Senyè a isit la, mwen pat konn sa.

Li Jenèz 28

Koute Jenèz 28

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 28:11-16

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo