Ezayi te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l: Papa m pa lwen mouri. Fini yo fini antere l, m'ap touye Jakòb, frè mwen an. Yo vin rapote Rebeka entansyon Ezayi, premye pitit gason li. Li rele Jakòb li di li: — Koute non! Frè ou Ezayi vle tire revanj sou ou wi. L'ap chache jwen pou li touye ou. Kounyeya, pitit mwen, koute sa m'ap di ou la. Leve, pati ale kay Laban, frè mwen an ki rete nan peyi Karan. W'a rete kèk tan la avèk li, jouk tan kòlè frè ou la va bese, jouk tan l'a sispann move sou ou, jouk li va bliye sa ou te fè l la. Lè sa a, atò, m'a voye chache ou, m'a fè ou tounen. Poukisa pou m ta pèdi tou de pitit gason m yo yon sèl jou a? Rebeka di Izarak konsa: — Mwen degoute, mwen bouke ak bann fi Et sa yo. Pase pou m ta wè Jakòb pran yonn nan moun sa yo, yonn nan bann fi Et sa yo k'ap viv nan peyi a pou madanm, pito m mouri!
Li Jenèz 27
Koute Jenèz 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 27:41-46
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo