Jenèz 27:30-45

Jenèz 27:30-45 HAT98

Izarak te fin beni Jakòb. Jakòb te fenk kite papa li, Izarak, lè Ezayi, frè li a, antre sòti lachas. Li te pare yon bon plat manje, li pote l bay papa l. Li di l: — Leve chita non, papa. Manje vyann pitit ou pote pou ou a, pou ou ka beni l. Izarak, papa l, mande: — Ki moun sa a? Li reponn: — Se mwen menm, Ezayi, premye pitit gason ou lan. Tande Izarak tande sa, li sezi, li pran tranble kou fèy bwa. Li di: — Kilès sa ki te pote ban m manje jibye li sot chase a? Mwen fenk fin manje anvan ou rive la a. Mwen ba li benediksyon m lan ki pou li nèt. Lè Ezayi tande sa, yon sèl kòlè moute l, li tonbe rele byen fò: — Beni m tou non, papa! Izarak reponn li: — Frè ou la vini, li twonpe m. Li pran benediksyon ki te pou ou a. Ezayi di: — Sa fè dezyèm fwa li twonpe mwen. Eske se paske li rele Jakòb la (kenbe talon) kifè l'ap pase sou mwen konsa? Yon premye fwa, li pran dwa mwen kòm premye pitit. Men koulyeya, li pran benediksyon ki te pou mwen an! Apre sa, li di: — Men papa, èske pa gen lòt benediksyon ki rete pou mwen? Izarak reponn Ezayi: — Mwen mete l chèf sou ou. Mwen fè tout rès fanmi an tounen moun k'ap sèvi l. Mwen ba li mèzi pwovizyon l. Kisa m ka fè pou ou ankò, pitit mwen? Ezayi di papa a: — Se sèl benediksyon sa a ou te genyen, papa? Tanpri, beni m tou non, papa! Lè sa a, Ezayi pete yon sèl rèl, li kriye byen fò. Se konsa Izarak di li: — Latè p'ap ba ou sa li ta dwe ba ou. P'ap gen lawouze ki soti nan syèl la pou wouze jaden ou. Se zam ou k'ap fè ou viv. W'ap sèvi frè ou la se vre. Men se pyepoudre ou ye, W'a jwe jouk ou soti anba men li. Ezayi te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l: Papa m pa lwen mouri. Fini yo fini antere l, m'ap touye Jakòb, frè mwen an. Yo vin rapote Rebeka entansyon Ezayi, premye pitit gason li. Li rele Jakòb li di li: — Koute non! Frè ou Ezayi vle tire revanj sou ou wi. L'ap chache jwen pou li touye ou. Kounyeya, pitit mwen, koute sa m'ap di ou la. Leve, pati ale kay Laban, frè mwen an ki rete nan peyi Karan. W'a rete kèk tan la avèk li, jouk tan kòlè frè ou la va bese, jouk tan l'a sispann move sou ou, jouk li va bliye sa ou te fè l la. Lè sa a, atò, m'a voye chache ou, m'a fè ou tounen. Poukisa pou m ta pèdi tou de pitit gason m yo yon sèl jou a?