Jenèz 26:1-35

Jenèz 26:1-35 HAT98

Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a. Li te pi rèd pase sa sou tan Abraram nan. Lè sa a, Izarak pati al Gera, kay Abimelèk, wa moun Filisti yo. Izarak fè yon vizyon, li wè Senyè a parèt devan l. Senyè a di l: — Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a. W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. M'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa-ou. M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syèl la. M'ap ba yo tout tè sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Tou sa, paske Abraram te tande m lè m te pale avè l, li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tou sa mwen mande l, li te obeyi tout lwa mwen yo. Se konsa, Izarak tou rete li Gera. Lè mesye ki te rete nan peyi a mande l kisa madanm li ye pou li, li rèponn yo se sè l li ye, paske li te pè di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pat touye l pou yo te ka pran Rebeka ki te bèl anpil. Izarak te gen kèk tan depi l te rete la. Yon jou, Abimelèk, wa moun Filisti yo, t'ap gade nan fennèt li, li te wè Izarak ki t'ap pase men sou Rebeka, madanm li. Lè sa a, Abimelèk voye chache Izarak. Li di l konsa: — Gade non, monchè, se madanm ou li ye! Poukisa ou di se sè ou li ye! Izarak reponn li: — Mwen te di sa paske mwen te kwè yo ta ka touye m, si m te di se madanm mwen li ye. Abimelèk di li: — Kisa ou fè nou konsa? Ti moso yonn nan nou ta kouche ak madanm ou! Epi sa ta lakòz nou koupab! Se konsa Abimelèk pase lòd sa a bay tout pèp la: — Si yon moun manyen nonm sa a, osinon madanm li, y'ap touye l. Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l te plante a, paske Senyè a te beni l. Misye vin rich. Li t'ap fè lajan toujou jouk li rive vin rich anpil anpil. Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li. Se konsa yo konble tout pi domestik Abraram yo te fouye sou tan Abraram, papa Izarak. Yo plen yo tè. Lèfini, Abimelèk di Izarak: — Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou. Se konsa Izarak pati kite kote l te ye a, l'ale nan Fon Gera a. Se la li moute kay li pou l rete. Li fè refouye tout pi dlo yo te fouye sou tan Abraram, papa l. Se pi sa yo moun Filisti yo te bouche apre lanmò Abraram. Izarak ba yo menm non papa l te ba yo a. Domestik Izarak yo te fouye ankò nan fon an. Yo te jwenn yon sous dlo k'ap ponpe. Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t'ap di: — Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l dezagreman pou dlo a. Domestik Izarak yo fouye yon lòt pi ki te lakòz yo chache yo kont ankò. Se konsa Izarak rele pi a Pi ki fè lènmi. Lè l wè sa, li wete kò l kote l te ye a, li fouye yon lòt pi pou sa pat fè kont. Se poutèt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: — Kounyeya Senyè a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atò zafè nou pral mache nan peyi a. Izarak pati, li moute Bècheba. Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Senyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: — Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m lan. Izarak bati yon lotèl la, li fè sèvis pou Senyè a. Li moute kay li la. Domestik li yo fouye yon lòt pi. Abimelèk sòti Gera, li vin wè Izarak. Li te gen avè l Akouzat, yon bon zanmi l, ak Pikòl, kòmandan lame li a. Izarak mande yo: — Poukisa nou vin wè m kounyeya? Jan nou te rayi m sa a jouk nou te rive mete m deyò nan peyi nou an! Yo reponn li: — Kounyeya nou konnen Senyè a avèk ou. Se poutet sa nou di n'ap fè yon kontra avè ou, n'ap sèmante yonn bay lòt. W'ap sèmante ou p'ap janm fè nou anyen, menm jan nou pat janm fè ou anyen. W'ap sèmante nou te toujou aji byen avè ou. Nou kite ou ale san bri san kont. Kounyeya, ou gen benediksyon Bondye sou ou. Izarak fè gwo fèt pou yo. Yo manje, yo bwè. Nan granmaten, yo leve, yo sèmante yonn bay lòt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y'al fè wout yo. Menm jou sa a, moun k'ap travay ak Izarak yo vin ba li nouvèl pi yo t'ap fouye a. Yo di: — Nou jwenn dlo wi! Izarak rele pi a Chiba, ki vle di Pisèman. Se pou sa yo rele vil la vil Sèman (Bèchiba). Ezayi te gen karantan lè l marye ak Jidit, pitit fi Beri, yon moun Et. Li te gen yon lòt madanm tou yo te rele Basmat, pitit fi Elon, yon moun Et tou. Medam sa yo te rann Izarak ak Rebeka lavi minab.