Jenèz 26:1-11

Jenèz 26:1-11 HAT98

Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a. Li te pi rèd pase sa sou tan Abraram nan. Lè sa a, Izarak pati al Gera, kay Abimelèk, wa moun Filisti yo. Izarak fè yon vizyon, li wè Senyè a parèt devan l. Senyè a di l: — Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a. W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. M'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa-ou. M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syèl la. M'ap ba yo tout tè sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Tou sa, paske Abraram te tande m lè m te pale avè l, li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tou sa mwen mande l, li te obeyi tout lwa mwen yo. Se konsa, Izarak tou rete li Gera. Lè mesye ki te rete nan peyi a mande l kisa madanm li ye pou li, li rèponn yo se sè l li ye, paske li te pè di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pat touye l pou yo te ka pran Rebeka ki te bèl anpil. Izarak te gen kèk tan depi l te rete la. Yon jou, Abimelèk, wa moun Filisti yo, t'ap gade nan fennèt li, li te wè Izarak ki t'ap pase men sou Rebeka, madanm li. Lè sa a, Abimelèk voye chache Izarak. Li di l konsa: — Gade non, monchè, se madanm ou li ye! Poukisa ou di se sè ou li ye! Izarak reponn li: — Mwen te di sa paske mwen te kwè yo ta ka touye m, si m te di se madanm mwen li ye. Abimelèk di li: — Kisa ou fè nou konsa? Ti moso yonn nan nou ta kouche ak madanm ou! Epi sa ta lakòz nou koupab! Se konsa Abimelèk pase lòd sa a bay tout pèp la: — Si yon moun manyen nonm sa a, osinon madanm li, y'ap touye l.