Jenèz 25:1-34

Jenèz 25:1-34 HAT98

Abraram te pran yon lòt fanm yo te rele Ketoura. Ketoura fè sis pitit pou li: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo. Men pitit Madyan yo: Se te Efa, Efe, Enòk, Abida ak Elda. Se tout moun sa yo ki te pitit ak pitit pitit Ketoura. Abraram kite tout byen l yo pou Izarak. Men anvan l mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a. Abraram te viv sanswasannkenzan (175 an). Abraram te fin vye granmoun nèt nèt. Li te pase vye jou li yo san pwoblèm. Apre sa, li mouri mouri li al jwenn moun li yo. Izarak ak Izmayèl, pitit li yo, antere l nan twou wòch Makpela a, nan jaden Efwon, pitit Zoka, yon moun Et, anfas Manmre. Se jaden sa a Abraram te achte nan men mesye Et yo. Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Apre Abraram mouri, Bondye te beni Izarak, pitit gason l lan, ki te rete toupre Pi moun-vivan-ki-wè m lan. Men pitit pitit Izmayèl, pitit Abraram lan. Se Aga, moun peyi Lejip, sèvant Sara, ki te fè pitit sa a pou Abraram. Men non pitit Izmayèl yo. N'ap konmanse ak pi gran an pou rive sou pi piti a. Nebajòt te premye pitit Izmayèl. Apre li vini Keda, Adbeyèl, Mibsam, Michma, Douma, Masa, Adad, Tema, Jetou, Nafich ak Kedma. Se yo ki te pitit Izmayèl. Se konsa yo te rele yo ansanm ak tout katye kote yo te rete ak kote yo te moute tant yo. Sa te fè douz chèf, chak ak nasyon pa yo. Izmayèl te gen santrannsetan (137 an) lè l mouri. Y'al antere l menm kote ak moun li yo ki te mouri dejà. Pitit pitit Izmayèl yo te rete sou teritwa ki konmanse depi Avila rive jouk Chou, anfas peyi Lejip sou bò solèy leve a, anvan ou pran peyi Lasiri. Yo t'ap viv pou kont yo. Yo pat mele ak rès fanmi yo. Men istwa Izarak, pitit Abraram. Abraram te papa Izarak. Izarak te gen karantan lè li marye ak Rebeka ki te pitit fi Betwèl, moun lavil Aram, ki te rete nan peyi Mezopotami an. Rebeka te sè Laban, moun lavil Aram. Madanm Izarak pat ka fè pitit. Izarak lapriyè Senyè a pou li, Senyè a reponn li. Rebeka, madanm li, vin ansent. De ti pitit yo t'ap plede goumen nan vant li. Rebeka di: — Si se konsa sa ye, mwen pa konprann anyen? L'al lapriyè Senyè a. Senyè a reponn li: — Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi grannèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a. Lè jou pou Rebeka akouche a rive, li fè de marasa. Premye ki te fèt la te tou wouj. Li te kouvri ak pwal sou tout kò l. Se poutèt sa yo te rele l Ezayi. Lè dezyèm lan te fèt, men li te kenbe Ezayi nan talon pye l: se poutèt sa yo rele l Jakòb. Izarak te gen swasantan sou tèt li lè yo te fèt. Timoun yo grandi. Ezayi te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay. Izarak te pito Ezayi, paske li te renmen manje vyann jibye, men Rebeka te pito Jakòb. Yon jou, Jakòb te fin kwit yon bon bouyon, Ezayi antre sot nan jaden, li te bouke anpil. Li di Jakòb konsa: — M'ap mouri grangou. Tanpri, ban m ti gout nan bouyon pwa wouj ou a. Se poutèt sa yo te bay Ezayi yon lòt ti non. Yo te rele l Edon. Men Jakòb di l: — M'ap ba ou ti gout si ou vann mwen dwa ou kòm premye pitit. Ezayi reponn: — Dakò. Mwen pral mouri. Kisa dwa kòm premye pitit la ap sèvi m? Jakòb di li: — Fè m sèman anvan. Ezayi fè sèman ba li, li vann li dwa l kòm premye pitit. Lèfini, Jakòb ba li pen ak ti gout nan bouyon pwa a. Ezayi manje, li bwè. Li leve, li pati. Konsa, Ezayi te konsidere dwa li kòm premye pitit pou anyen.