Jenèz 24:11-21

Jenèz 24:11-21 HAT98

Lè aswè rive, li fè chamo yo kouche bò pi ki lòt bò pòtay lavil la. Se te lè ti mèdam yo tè konn vin tire dlo. Li lapriyè, li di: — Senyè, ou menm ki Bondye Abraram, mèt mwen, tanpri, fè m jwenn jòdi a sa m'ap chache a. Moutre jan ou bon pou Abraram, mèt mwen. Men mwen kanpe bò pi a, kote medam yo ap vin chache dlo. Mwen mande ou pou jenn fi ki va reponn mwen l'ap ban m bwè lèfini l'ap bay chamo m yo bwè tou, lè m'a di l: Tanpri, bese krich ou a ban m ti gout dlo pou m bwè, fè se li menm ou chwazi pou Izarak, sèvitè ou la. Lè sa a, m'a konnen jan ou bon pou mèt mwen vre. Li t'ap pale toujou lè Rebeka parèt avèk yon krich sou zepòl li. Rebeka te pitit Betwèl. Betwèl sa a te pitit gason Milka ki te marye ak Nakò, frè Abraram lan. Se te yon jenn fi. Li te bèl anpil, li te tifi. Li desann nan sous la, li plen krich li. Epi li moute sòti deyò. Domestik la kouri al jwenn li, li di l konsa: — Tanpri, ban m ti gout dlo nan krich ou a non. Rebeka reponn li: — Wi. Bwè non, mesye. Li desann krich la sòti sou zepòl li, li kenbe l nan men l pou fè nonm lan bwè. Lè nonm lan fin bwè, jenn fi a di l: — Mwen pral pran dlo pou chamo ou yo, pou yo ka bwè kont yo tou. Li prese vide rès dlo krich la nan yon ti basen pou chamo yo bwè, epi li kouri desann nan sous la al chache dlo jouk tout chamo yo fin bwè kont yo. Nonm lan menm te sezi. Li t'ap gade fi a san l pa di anyen, li t'ap tann pou l wè si Senyè a pat fè l vwayaje pou gremesi.