Jenèz 24:1-10

Jenèz 24:1-10 HAT98

Abraram te vye granmoun nèt. Senyè a beni li nan tout bagay. Abraram te gen yon nonm k'ap travay ak li ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di li: — Vini! Mete men ou la nan fant kwis mwen, sèmante ban mwen. Mwen vle pou sèmante devan Senyè a, sèl Bondye syèl la ak tè a. Sèmante ou p'ap chwazi madanm bay pitit gason mwen an nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote mwen rete a. Men, se nan peyi pa m pou ou ale, pou ou chwazi pami moun menm ras ak mwen yo yon madanm pou Izarak, pitit gason m lan. Domestik la mande l: — Kisa pou m fè si fi a pa vle kite peyi l pou l vin avè m nan peyi sa a? Eske se pou m mennen pitit gason ou lan ale nan peyi kote ou te sòti a? Abraram reponn li: — Non, non, non! Pa janm mennen pitit mwen an laba a! Senyè a, Bondye syèl la, te pran m fè m sòti lakay papa m ak nan peyi fanmi mwen. Li pale avè m. Li fè m sèman l'ap bay pitit pitit mwen yo peyi sa a. Enben, se li menm ki va fè zanj li pran devan ou, pou ou chwazi yon madanm nan moun laba yo pou pitit gason m lan. Si madanm lan pa vle vin avè-ou, w'a konnen ou kit ak sèman ou te fè m lan. Sèlman, nenpòt jan, pa mennen pitit gason m lan laba a. Domestik la mete men l nan fant janm Abraram, mèt li, epi li sèmante pou l fè sa l mande l fè a. Domestik la pran dis chamo nan chamo mèt li yo. Li pran yon kantite bèl bagay ki koute chè, li chaje chamo yo. Li leve, li pati, l'ale lavil kote Nakò rete a nan peyi Mezopotami.