Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l konsa: — Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Mwen gen pou m beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pat refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an. Mwen menm tou, mwen pwomèt pou mwen ba ou anpil anpil pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl, tankou grenn sab bò lanmè. Yo va bat tout lènmi yo. Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m te mande ou fè a.
Li Jenèz 22
Koute Jenèz 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 22:15-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo