Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l. Bondye rele l: — Abraram! Abraram! Abraram reponn: — Men mwen wi! Bondye di l: — Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l. Apre sa, w'a boule l nèt pou mwen. Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l la. Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l. Abraram di domestik li yo. — Nou menm mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a tounen vin jwenn nou.
Li Jenèz 22
Koute Jenèz 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 22:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo