Yon jou Izmayèl, pitit Aga, fanm peyi Lejip la te fè pou Abraram lan t'ap jwe ak Izarak, pitit Sara a. Sara wè sa. Li di Abraram konsa: — Mete sèvant la dèyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gendwa eritye ak Izarak, pitit mwen an. Pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil paske Izmayèl se pitit li tou. Men, Bondye di Abraram konsa: — Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tou sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo.
Li Jenèz 21
Koute Jenèz 21
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 21:9-12
7 Jou
Eskize ou nan lavi a? Nan 7 jou kap vini yo, aprann kijan pou jwenn kle yo pou dekriye yon lavi pasyone pou Kris la toupatou ankò.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo