Abraram kite Manmre, li desann nan sid peyi a. Li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a, li t'ap di se sè li Sara ye. Se konsa, Abimelèk, wa peyi Gera, fè yo fè fòs sou Sara mennen li ba li. Men pandan lannwit lan, Abimelèk fè yon rèv. Li wè Bondye parèt devan li. Bondye di li: — Gade non monchè! Ou pral mouri tande, poutèt fanm lan ou fè yo fè fòs sou li mennen li ba ou a. Men, Abimelèk pat gentan kouche avè Sara. Li di: — Mèt, eske w'ap kite yon pèp inonsan peri? Se Abraram ki di m se sè li Sara ye. Sara pou tèt pa l di m se frè li Abraram ye. Mwen fè sa m fè a san okenn move lide. Mwen konnen mwen pa fè anyen ki mal.
Li Jenèz 20
Koute Jenèz 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 20:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo