Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pat gen yonn ki te sanble avè l, ki ta ka ede l. Lè sa a, Senyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Mesye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen. Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l ba li. Lè nonm lan wè l, li di: — Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m! Zo l se zo mwen. Chè l se chè mwen. Y'a rele l fanm, paske se nan gason li sòti. Se poutèt sa, gason ap kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li, epi yo de a ap vin fè yon sèl.
Li Jenèz 2
Koute Jenèz 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 2:20-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo