Jenèz 2:1-17

Jenèz 2:1-17 HAT98

Konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Sou sis jou, Bondye te fin fè tou sa l t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay. Li beni setyèm jou a, li konsakre li pou li. Paske jou sa a, li te sispann travay, apre li fin kreye tout sa li t'ap kreye. Se konsa sa te pase lè Bondye t'ap kreye syèl la ak tè a. Lè Senyè Bondye t'ap fè latè ak tout sa ki nan syèl la, pa te gen yon ti pyebwa menm sou latè. Okenn zèb pa t' ankò pouse paske Bondye pa t'ankò voye lapli sou latè. Lèfini pa t'ankò gen moun pou travay latè. Men yon vapè leve soti nan tè a moute, lapli tonbe wouze tout tè a. Lè sa a, Senyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan. Senyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a. Senyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa: yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Yon gwo larivyè sòti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivyè a te fè kat branch. Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a. Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks. Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la. Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat. Senyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l nan jaden Edenn lan pou l travay li, pou l pran swen l. Senyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a: — Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men piga ou manje donn pyebwa ki bay konesans sa ki byen ak sa ki mal la. Paske jou ou manje li, w'ap mouri kanmenm.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an