Abraram pwoche bò kote Senyè a, li mande l:
— Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo? Si gen senkant moun inonsan nan lavil la, eske w'ap detwi tout lavil la? Eske ou p'ap fè pa lavil la poutèt senkant inonsan sa yo? Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
Senyè a reponn:
— Si mwen jwenn senkant inonsan nan lavil Sodòm, m'ap fè pa tout lavil la, poutèt senkant inonsan sa yo.
Abraram pale ankò, li di:
— Eskize m wi! Senyè, si m penmèt mwen pale ankò. Se moun ase mwen ye, mwen pa gendwa di ou anyen. Men, si se karannsenk moun inonsan sèlman ou jwenn, eske ou pral detwi tout lavil la paske manke senk pou fè senkant lan?
Senyè a reponn:
— Si mwen jwenn karannsenk inonsan sèlman, mwen p'ap detwi lavil la.
Abraram pale ankò, li di:
— Ou pa janm konnen, ka gen karant inonsan ase?
Senyè a reponn:
— Si gen karant inonsan, mwen p'ap detwi lavil la.
Abraram di:
— Tanpri, Senyè, pa fache sou mwen non. M'ap di ou yon ti mo ankò. Ou pa janm konnen, ou ka jwenn trant inonsan ase nan lavil la.
Senyè a reponn:
— Si mwen jwenn trant, m'ap fè pa lavil la.
Abraram di:
— Eskize m wi, Senyè, si m penmèt mwen pale toujou. Men, sipoze ou jwenn ven inonsan sèlman?
Senyè a reponn li:
— Si mwen jwenn ven inonsan, m'ap fè pa lavil la.
Abraram di ankò:
— Tanpri, Senyè, pa fache sou mwen non. M'ap di yon dènye mo. Si ou jwenn dis inonsan ase?
Senyè a reponn li:
— Si mwen jwenn dis inonsan, m'ap fè pa lavil la.
Apre li fin pale ak Abraram, Senyè a al fè wout li. Abraram menm tounen lakay li.