Senyè a parèt devan Abraram bò pye bwadchenn Manmre yo. Abraram te chita nan papòt kay li, lè ki te fè pi cho nan lajounen an. Abraram leve je l, li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l di yo bonjou. Li di:
— Mèt, tanpri. Pa pase devan lakay mwen san ou pa fè yon ti rete. Se sèvitè ou mwen ye. Kite m mande yo pote ti gout dlo pou lave pye ou. Lèfini, w'a pran yon ti repo anba pyebwa sa a. M'a pote yon ti manje pou ou soutni kè ou pou ou reprann fòs pou ou ka kontinye vwayaj ou. Ou rive lakay mwen, mwen la pou m sèvi ou.
Yo reponn li:
— Dakò. Ou mèt fè jan ou di a.
Abraram kouri lakay li, l'ale jwenn Sara. Li di l konsa:
— Fè vit. Pran trant liv farin bon kalite, mouye l, fè pen.
Apre sa, Abraram kouri al nan bann bèt li yo, li pran yon jenn ti bèf byen gra, li bay yonn nan domestik li yo li pou li prese al kòche l. Apre sa, li pran fwonmaj, li pran lèt fre, li mete yo ansanm ak vyann yo te pare a, li sèvi mesye yo. Pandan yo t'ap manje, Abraram te kanpe bò kote yo anba pyebwa a. Lèfini, yo mande l:
— Kote Sara, madanm ou?
Li reponn:
— Li la wi, anndan kay la.
Yonn nan vizitè yo di l:
— Mwen gen pou m tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gentan gen yon pitit gason.
Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute. Abraram ak Sara te fin vye granmoun. Yo te antre nan laj. Sara te sispann gen lalin li. Sara tonbe ri nan kè l, li t'ap di:
— Kounyeya, kalite jan m fin vye a, ou kwè lide m ta sou gason toujou! Epitou, mari mwen, mèt mwen, fin granmoun!
Senyè a di Abraram:
— Sa ki gen la a atò pou Sara ri konsa a, pou l'ap di nan kè li: O wi, ou kwè m'ap janm rive fè pitit pou jan mwen fin granmoun nan! Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.
Sara te pè, li t'ap plede, li t'ap di:
— Mwen pat ri non!
Men Senyè a di l:
— Men wi, machè, ou te ri.