Abram pati jan Senyè a te di l la. Lòt pati ansanm avè l tou. Abram te gen swasannkenzan lè li kite Karan. Abram pran Sarayi, madanm li, Lòt, pitit frè li a, ansanm ak tout byen li te genyen ak tout domestik li te gen avè l nan lavil Karan, yo tout yo pati pou Kanaran. Yo rive nan peyi a. Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a. Abram fè yon vizyon, li wè Senyè a ki di l: — Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Senyè a ki te parèt devan li nan vizyon an. Apre sa, li pati ankò, l'ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Senyè a la tou, epi li fè sèvis pou li. Li vwayaje toujou, li desann nan direksyon sid, bout pou bout jouk li rive nan rejyon Negèv la.
Li Jenèz 12
Koute Jenèz 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 12:4-9
2 Weeks
Jesus Himself said anyone who loves Him will obey His teaching. No matter what it costs us personally, our obedience matters to God. The "Obedience" reading plan walks through what the Scriptures say about obedience: How to maintain a mindset of integrity, the role of mercy, how obeying frees us and blesses our lives, and more.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo