Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jenèz 12:10-19

Jenèz 12:10-19 HAT98

Men, grangou tonbe sou peyi a, pat gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan. Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li: — Koute non. Ou se yon bèl fanm. Lè gason nan peyi Lejip yo va wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m pou yo sa pran ou nan men m. Tanpri, di yo se sè mwen ou ye pou yo pa touye m, pou yo ka aji byen avè m poutèt ou. Se konsa, rive Abram rive nan peyi Lejip, mesye yo gentan wè jan Sarayi te yon bèl fanm. Kèk gwochabrak gouvènman wè sa tou, y'al fè lwanj li bay Farawon an jan fanm lan bèl. Epi yo pran Sarayi mennen nan palè a. Poutèt Sarayi, farawon an te aji byen ak Abram. Li ba li kantite mouton, kabrit, bèf, bourik, chamo, san konte esklav, fanm kou gason, pou sèvi l. Men, paske farawon an te pran Sarayi, madanm Abram, pou madanm li, Senyè a voye yon bann move maladi sou li ak sou moun ki te nan palè a. Lè sa a, farawon an fè rele Abram, li di li: — Kisa ou fè m konsa? Poukisa ou pat di m se madanm ou Sarayi ye? Poukisa ou te di m se sè ou li ye? Mwen pa ta janm pran l pou madanm mwen. Monchè, men madanm ou. Pran l, al fè wout ou.

Li Jenèz 12

Koute Jenèz 12

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 12:10-19

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo