Bondye di: Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt. Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò. Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te premye jou a. Bondye di ankò: Se pou gen yon vout nan mitan pou separe dlo a fè de. Bondye fè vout la separe dlo a fè de: yon pati anwo, yon pati anba. Se konsa sa te pase. Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te dezyèm jou a. Bondye di ankò: Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase. Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa li fè a, li wè li bon. Bondye di: Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase. Tè a pouse tout kalite plant: plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Bondye gade sa li fè a, li wè li bon. Yon lannwit pase, yon maten rive: se te twazyèm jou a.
Li Jenèz 1
Koute Jenèz 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 1:3-13
4 Jou
Gid lekti sa a ap gide lektè yo atravè aspè kle nan Liv Ansyen Testman yo, ofri yon vizyon sou estrikti, tèm, ak enpòtans divès liv yo. Pandan kat jou, n ap eseye konprann kontèks istorik, estil literè, ak mesaj ki fè chak liv yo diferan, pandan n ap pwofondi konpreyansyon ak apresyasyon nou pou Bib la an jeneral.
6 Days
Change isn’t easy, but it isn’t impossible, either. Starting a few small good habits can change how you see yourself today and transform you into the person you want to be tomorrow. This Life.Church Bible Plan moves through Scripture with a simple acronym for making good daily habits that actually stick.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo