Galat 5:1-15

Galat 5:1-15 HAT98

Se pou n te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n pa tounen esklav ankò. Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen. M'ap repete sa m te di deja pou tout moun ki kite yo sikonsi yo: si yo fè sa, y'ap blije fè tou sa lalwa Moyiz la mande. Moun ki kwè Bondye ap fè yo gras paske yo fè sa lalwa a mande, yo vire do bay Kris la. Yo pèdi favè Bondye a. Pou nou menm, nou gen espwa Bondye va fè nou gras paske nou gen konfyans nan li. Se sa menm n'ap tann, gremesi pouvwa Lespri Bondye a k'ap travay nan nou. Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou. Nou te konmanse byen pwòp. Ki moun ki rete nou sou kous nou, k'ap anpeche nou obeyi verite a? Bagay yo te di pou yo te ka pran tèt nou, se pa bagay ki sòti nan Bondye k'ap rele nou an. Pa bliye pawòl la: Se ti kal ledven ki fè tout pat la leve. Men, Senyè a fè m gen konfyans nan nou, li ban m lasirans nou p'ap fè lòt lide, n'ap dakò avè mwen. Men, kanta moun k'ap boulvèse nou an, li te mèt sa l te ye, Bondye gen pou pini li. Pou mwen menm, frè m yo, si m t'ap mande pou moun sikonsi toujou, poukisa y'ap pèsekite m jouk kounyeya? Epitou, nan ka sa a, mesay m'ap bay lè m'ap anonse Kris la ki mouri sou kwa a pa ta bay pèsonn okazyon bite. Kanta moun k'ap boulvèse nou konsa sou kèsyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo, fin ak sa. Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt. Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou. Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovay, atansyon pou yonn pa touye lòt tou!