Galat 4:12-26

Galat 4:12-26 HAT98

Frè m yo, tanpri souple. Se pou nou vin tankou m, menm jan mwen menm tou mwen te vini tankou nou. Nou pa janm fè m okenn tò. Nou chonje kisa ki te fè m anonse nou Bòn Nouvèl la pou premye fwa a? Se paske m te malad. Lè sa a, malgre maladi m lan ta ka yon eprèv pou nou, nou pat meprize m, ni nou pat repouse mwen. Okontrè, nou te resevwa m tankou si m te yon zanj Bondye, tankou si se Jezikri menm m te ye. Lè sa a, nou pat manke kontan! Kisa ki rive nou konsa? Mwen ka di sa pou nou: si nou te gen pou n te rache je nou ban mwen, nou ta fè li. Men kounyeya, eske mwen tounen yon lènmi pou nou paske m'ap di nou laverite? Lòt moun sa yo enterese anpil nan nou, men lide yo gen dèyè tèt yo pa bon menm. Yo ta vle separe nou avè m pou nou ka enterese nan yo ase. Sa bon pou nou enterese nan lòt moun tou, men fòk nou pa gen move lide nan tèt nou. Wi, se pou nou toujou enterese nan lòt moun, menm lè mwen pa nan mitan nou. Pitit mwen yo, m'ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon manman k'ap soufri doulè tranche, m'ap soufri pou nou jouk tan Kris la va fin fòme nèt nan nou. Jan m ta renmen bò kote nou kounyeya pou m ta ka pale yon lòt jan avèk nou! Se pa ti kras pè mwen pè pou nou! Manyè di m, nou menm ki vle rete anba lalwa a: genlè nou pa konprann sa lalwa a di? Li di nou konsa: Abraram te gen de pitit gason, yonn avèk fanm ki te esklav la, yon lòt avèk fanm ki pat esklav la. Pitit fanm ki te esklav la te fèt dapre egzijans lachè, men pitit fanm ki pat esklav la te fèt dapre pwomès Bondye. Nou ka pran istwa sa a pou yon parabòl: de fanm sa yo se de kontra. Aga se kontra ki te fèt sou Mòn Sinayi a. Tout pitit li yo se esklav yo ye. Aga se Mòn Sinayi nan peyi Arabi. Li koresponn ak lavil Jerizalèm ki la kounyeya nan esklavaj ak tout pitit li yo. Men, Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou.