Galat 4:1-7
Galat 4:1-7 HAT98
Enben! Men sa m vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y'ap trete l menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay. Toutotan li timoun toujou, li sou lòd moun k'ap okipe l la, moun k'ap regle zafè l pou li a, jouk lè papa a te fikse a rive. Nou menm tou, toutotan nou te tankou timoun, nou te esklav tout lide ki t'ap mennen lèzòm nan lemonn. Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li sòti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo, pou l te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n te kapab vin pitit Bondye. Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou. Konsa, ou pa esklav ankò, ou se yon pitit. Si ou se yon pitit Bondye, Bondye va ba ou tout byen li sere pou pitit li yo.

