Galat 3:1-5
Galat 3:1-5 HAT98
Nou menm moun peyi Galasi, ala sòt nou sòt! Kilès nou kite pran tèt nou konsa, nou menm ki te konnen tout ti detay sou jan Kris la te mouri sou kwa a? M'ap mande nou yon sèl kesyon: Lè nou te resevwa Lespri Bondye a, èske se paske nou te fè sa lalwa mande osinon sa lafwa mande? Ki jan nou fè egare konsa? Nou konmanse ak pouvwa Lespri Bondye a, kounyeya nou vle fini ak pwòp fòs kouray nou? Eske se pou gremesi nou te fè esperyans sa yo? Non, se pa vre, se pa ka pou gremesi. Lè Bondye ban nou Lespri l, lè li fè mirak sa yo nan mitan nou, eske li fè sa paske nou fè sa lalwa mande, osinon paske nou mete konfyans nou nan li lè nou tande Bòn Nouvèl la?

