Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Galat 2:16-21

Galat 2:16-21 HAT98

Men, nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pèsonn gras paske li fè sa lalwa mande. Men, si antan m'ap chache pou Bondye fè m gras gremesi Kris la, moun wè m'ap fè peche menm jan ak moun lòt nasyon yo, eske sa vle di se nan avantaj peche a Kris la ap travay? Non, yo pa ka di sa. Paske, si m'ap rebati sa m te kraze a, mwen tou moutre se dezobeyi m'ap dezobeyi lalwa. Annegad lalwa, mwen se yon moun ki mouri, epi se lalwa a menm ki touye m pou m ka viv pou Bondye. Mwen mouri kloure ansanm ak Kris la sou kwa a. Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen. Mwen pa voye favè Bondye fè m lan jete. Paske, si lalwa ka fè Bondye fè yon moun gras, enben, Kris la mouri pou gremesi.

Li Galat 2

Koute Galat 2

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Galat 2:16-21

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo