Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Galat 2:11-16

Galat 2:11-16 HAT98

Men, lè Pyè te vini lavil Antyòch, mwen te fè yon bout ak li devan tout moun, paske sa l te fè a pat bon. Lè li te fèk rive, li t'ap manje ak frè ki pa jwif yo byen pwòp. Men lè moun Jak te voye yo vin rive, li rale kò li dèyè, li refize manje ak moun ki pa jwif yo paske li te pè moun ki patizan sikonsizyon yo. Lòt frè jwif yo te konmanse fè menm jan ak li. Ata Banabas te pran tou. Li t'ap swiv yo nan ipokrizi sa a. Lè m wè yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan Bòn Nouvèl la, mwen di Pyè devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pat viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jòdi a w'ap fòse frè ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif? Nou menm, nou se jwif natif natal, nou pa sòti nan ras moun lòt nasyon yo k'ap plede fè peche. Men, nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pèsonn gras paske li fè sa lalwa mande.

Li Galat 2

Koute Galat 2

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Galat 2:11-16

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo