Galat 2:1-10

Galat 2:1-10 HAT98

Apre sa, katòz lanne te pase anvan m te moute lavil Jerizalèm ankò, fwa sa a ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou. Kifè m te moute a, se paske Bondye te fè m konnen pou m te fè sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo Bòn Nouvèl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pat vle pou ni travay mwen te fin fè a, ni travay mwen t'ap fè a pase pou anyen. Enben, Tit ki te avè m lan, se moun peyi Lagrès li ye: yo pat egzije l sikonsi, atout kèk swadizan frè ki te fofile kò yo nan mitan nou te vle yo sikonsi li. Men moun sa yo te glise nan mitan nou tankou moun k'ap espyonnen pou fè nou pèdi libète nou gen nan Jezikri a. Yo te vle fè nou tounen esklav ankò. Nou pa janm ba yo pye sou nou pou n te ka defann verite ki nan Bòn Nouvèl la pou nou menm, moun Galasi. Moun ki te pase pou chèf yo, — mwen pa bezwen konnen sa yo te ye vre, paske Bondye pa gade sou figi moun — wi, moun ki te pase pou chèf yo, yo pat fè m okenn lòt egzijans. Okontrè, yo wè Bondye te renmèt mwen travay anonse Bòn Nouvèl la bay moun ki pa jwif yo, menm jan li te renmèt Pyè travay anonse l bay jwif yo. Paske, Bondye ki te mete Pyè apa pou sèvi apòt pou jwif yo, se li menm ki te mete m apa tou pou m te ka sèvi apòt pou moun ki pa jwif yo. Lè sa a, Jak, Pyè ak Jan ki te pilye (potomitan) legliz la, yo rekonèt se Bondye ki te ban mwen misyon sa a. Yo bay Banabas ak mwen lamen asosyasyon. Nou tonbe dakò ak mwen pou Banabas ak mwen al travay nan mitan moun ki pa jwif yo. Yon sèl bagay yo te mande nou: se pou n te toujou chonje pòv ki nan legliz yo. Nou pat janm manke fè sa.