Tout frè ki isit la yo mete tèt ansanm avè m pou ekri lèt sa a pou tout legliz ki nan peyi Galasi yo. Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè kounyeya. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn. Mwen sezi wè jan nou prese vire do bay Bondye ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n'al swiv yon lòt kalite Bòn Nouvèl. Pou di vre, pa gen okenn lòt Bòn Nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan Bòn Nouvèl Kris la. Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt Bòn Nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki sòti nan syèl, madichon pou li! Mwen deja di nou sa, m'ap repete nou sa ankò: Si yon moun vin anonse nou yon levanjil ki diferan ak levanjil nou te resevwa a, se pou madichon tonbe sou li! Lè mwen di sa, eske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.
Li Galat 1
Koute Galat 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Galat 1:2-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo