Nou tande pale sa m te konn fè nan tan lontan, lè m te nan relijyon jwif yo. Nou konnen jan m te san pitye lè m t'ap pèsekite legliz Bondye a, jan m t'ap chache kraze li. Nan relijyon jwif yo mwen te pi fò pase anpil moun nan ras mwen ki te menm laj avè mwen. Mwen te pi cho pase yo pou defann koutim zansèt nou yo. Men, Bondye fè m favè l, li mete m apa depi nan vant manman m, li rele m pou m te ka sèvi li. Konsa, lè se te lide l pou l te fè m konnen Pitit li a, pou m te ka anonse Bòn Nouvèl li a nan mitan moun ki pa jwif yo, wi, lè sa a, mwen pat al mande pèsonn konsèy. Mwen pat moute Jerizalèm nonplis pou m'al wè moun ki te apòt anvan m yo. Men, mwen te pati la menm pou peyi Arabi. Apre sa, mwen tounen tounen m lavil Damas. Sou twazan, mwen moute lavil Jerizalèm pou m te fè konesans ak Pyè. Mwen rete kenz jou lakay li. Lè sa a, mwen pat wè okenn nan lòt apòt yo, esèpte Jak, frè Senyè a. Sa m'ap ekri nou la a, se vre wi. Mwen pran Bondye pou temwen, mwen p'ap bay manti. Apre sa, mwen te ale nan peyi Siri ak Silisi. Pandan tout tan sa a, manm legliz Kris la ki te nan peyi Jide a pat ankò rekonèt mwen. Yo te sèlman konn tande moun ap di yo: Nonm ki t'ap pèsekite nou nan tan lontan an, kounyeya men l'ap mache anonse Bòn Nouvèl li te vle kraze a. Yo t'ap fè lwanj Bondye pou tèt mwen.
Li Galat 1
Koute Galat 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Galat 1:13-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo