Esdras 4:1-24

Esdras 4:1-24 HAT98

Lènmi moun Jida yo ak lènmi moun Benjamen yo vin konnen moun ki te tounen sòti nan kote yo te depòte yo a t'ap rebati yon kay pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: — Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati Tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li. Zowobabèl, Jozye ak tout lòt chèf fanmi yo reponn yo: — Non mèsi! Nou pa bezwen konkou pesonn pou nou bati yon Tanp pou Senyè Bondye nou an. N'a bati li, nou menm, poukont nou, ak pwòp men nou, jan Siris, lanperè peyi Lapès, te ban nou lòd fè a. Lè sa a, moun ki t'ap viv depi lontan nan peyi a sòti pou yo dekouraje moun Jida yo. Yo t'ap kraponnen yo pou yo te sispann travay batisman an. Yo menm rive bay kèk anplwaye gouvènman an lajan anbachal pou enpoze travay la mache. Se konsa pandan tout tan lanperè Siris t'ap gouvènen an, jouk sou reny lanperè Dariyis, yo t'ap kontraye travay moun yo san rete. Konsa tou, lè lanperè Zèsès te fèk pran pouvwa a, yo ekri lèt akizasyon voye bay wa a kont moun k'ap viv nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Sou reny lanperè Atagzèsès, Bislam, Mitridat ak Tabeyèl mete tèt yo ansanm avèk kèk kanmarad yo. Yo ekri yon plent voye bay Atagzèsès, lanperè peyi Lapès, kont moun Jerizalèm. Lèt la te ekri nan lang arameyen, epi se pou yo te tradwi li lè yo t'ap li l'. Se konsa, Reyoum, gouvènè a, ak Chimchayi, ki te sekretè pwovens la, ekri lanperè Atagzèsès osijè lavil Jerizalèm. Men sa ki te nan lèt la: Se mwen menm, Reyoum, gouvènè a ak Chimchayi, sekretè pwovens la, ki ekri lèt sa a ansanm ak tout lòt kòlèg nou yo anplwaye gouvènman an, moun lavil Din, moun lavil Afasatak, moun lavil Tapèl, moun lavil Afaras, moun lavil Erèk, moun lavil Babilòn, moun lavil Souz, moun lavil Deya ak moun peyi Elam, avèk chèf tout lòt pèp k'ap viv kounyeya nan lavil peyi Samari yo ak nan rès pwovens ki bò solèy kouche larivyè Lefrat la. Se gran wa Asnapa, wa ki te fè tout moun respekte l la, ki te depòte yo al fè yo viv kote yo ye kounyeya. Men kopi lèt yo te voye bay lanperè a: — Pou lanperè Atagzèsès. Se nou menm, sèvitè ou yo, moun pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, k'ap voye di lanperè bonjou. Nou vle fè lanperè a konnen jwif yo soti nan tout teritwa ki sou lòd ou, yo vini Jerizalèm, epi y'ap rebati lavil sa a ki pa janm vle soumèt devan li epi ki toujou ap fè bagay mal. Y'ap travay pou yo rebati gwo miray ranpa lavil la. Yo gentan fini ak fondasyon an. Nou vle fè wa a konnen, si moun sa yo rebati lavil la, si yo remoute miray ranpa a ankò, yo p'ap peye okenn taks, yo p'ap fè okenn kontribisyon, ni yo p'ap bay lajan yo fè moun peye pou pase lakay yo. Lè sa a se kès wa a menm ki pral fè defisi. Men, paske nou respekte kontra nou gen avè ou la, monwa, nou pa ka rete konsa ap gade moun yo ap kraze enterè wa a. Se poutèt sa nou voye fè wa a konn sa, pou l ka fè rechèch nan achiv zansèt li yo te kite. Nan ansyen dokiman sa yo, l'a jwenn sa yo te ekri sou lavil sa a. L'a konnen jan lavil sa a pa te janm vle soumèt devan yo, li te toujou pare pou revòlte. Se poutèt sa yo te detwi lavil sa a nèt. Nou fè lanperè a konnen si yo rebati lavil sa a, si yo refè miray ranpa li yo, talè konsa lanperè a p'ap gen yon teritwa pou li ankò nan pwovens bò solèy kouche larivyè Lefrat la. Men repons lanperè a voye ba yo: — Nou voye gwo bonjou pou gouvènè Reyoum, pou sekretè Chimchayi ak pou tout lòt kanmarad yo k'ap viv nan peyi Samari ak nan rès pwovens lòt bò larivyè Lefrat. Lèt nou te voye ban mwen an rive jwenn mwen. Yo tradi l mo pa mo pou mwen. Mwen pase lòd pou yo fè rechèch nan achiv yo, epi yo jwenn lavil sa a, depi tout tan, te toujou derefize soumèt devan otorite wa yo. Se tout tan gen moun la k'ap revòlte, k'ap pran lèzam kont wa yo. Te gen gwo wa ki te konn gouvènen lavil Jerizalèm. Yon lè, yo te donminen sou tout teritwa ki lòt bò larivyè Lefrat la. Yo te konn fè moun peye yo taks, lajan kontribisyon ak lajan pou pèmèt yo pase sou chemen lakay yo. Se poutèt sa, nou mèt bay lòd pou yo rete travay mesye yo ap fè a: Pèsonn p'ap gendwa rebati lavil sa a toutotan mwen pa bay lòd pou sa. Piga nou pote neglijans nan zafè sa a, pou kès wa a pa fè plis defisi pase sa. Fini yo fini li lèt wa Atagzèsès la bay Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak lòt kòlèg yo nan gouvènman an, mesye yo leve, yo kouri lavil Jerizalèm al jwenn jwif yo, avèk zam nan men yo, yo fòse yo sispann travay la. Se konsa, yo te rete travay Tanp Bondye a, lavil Jerizalèm. Travay la rete bloke jouk dezyèm lane reny Dariyis, lanperè peyi Lapès la.