Lè bòs mason yo te konmanse ak premye fondasyon Tanp Senyè a, prèt yo avèk gwo rad yo sou yo, twonpèt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fè lwanj Senyè a dapre regleman David, wa peyi Izrayèl la, te bay depi lontan. Yo t'ap fè lwanj Senyè a, yo t'ap di li mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Senyè a bon! Non, li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la. Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Senyè a paske yo t'ap mete men nan fondasyon Tanp Senyè a. Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen Tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon Tanp lan ap moute ankò devan je yo, genyen ki te dlo nan je. Men anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan. Men, pèsonn pat ka di kilès ki t'ap rele ak kè kontan, kilès ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pèp la t'ap rele ansanm byen fò. Moun te ka tande yo byen lwen.
Li Esdras 3
Koute Esdras 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Esdras 3:10-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo