Lè pou setyèm mwa lanne jwif yo rive, moun pèp Izrayèl yo te gentan chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalèm. Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. Atout yo te pè lòt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotèl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bèt sou li pou Senyè a, chak maten ak chak aswè. Yo fete fèt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bèt yo te dwe boule pou jou sa a. Apre sa, yo ofri bèt pou yo boule chak jou a, bèt pou yo boule chak fèt lalin nouvèl yo, ak bèt pou tout lòt jou y'ap fè fèt pou Senyè a, ansanm ak tout lòt ofrann moun yo vle fè pou Senyè a san se pa li ki mande yo fè l. Pèp la pat ankò mete men nan Tanp lan, men depi premye jou setyèm mwa a yo te konmanse ap boule bèt nèt pou Senyè a.
Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te sòti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo. Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman Tanp Senyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan Tanp Senyè a. Se konsa Jozye, pitit gason l yo ak lòt fanmi li yo, ansanm ak Kadmyèl ak pitit gason l yo, moun fanmi Jida, mete tèt yo ansanm, yo pran reskonsabilite travay ki t'ap fèt nan Tanp Bondye a.