Lè sa a, li di m konsa: — Bay mesay sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Senyè a. Wi, men sa Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò. M'ap mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Mwen bay mesay Bondye a jan li te ban m lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt. Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t'ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pat gen souf nan yo. Bondye di mwen konsa: — Ras Adan! Bay mesaj Bondye a, pale ak van an. W'a di li men mesaj Senyè sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat kwen. Soufle sou tout mò yo. Fè yo yo tounen vivan ankò. Se konsa, mwen bay mesay la, jan li te ban m lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame. Bondye di mwen: — Ras Adan! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y'ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt. Se poutèt sa, ba yo mesay sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo sòti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la. Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo sòti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a. M'ap mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Senyè a ki pale. Sa m te di m'ap fè a, m'ap fè l vre. Se Senyè a menm ki di sa.
Li Ezekyèl 37
Koute Ezekyèl 37
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezekyèl 37:4-14
4 Jou
Eske ou janm santi tèt ou senpleman nan men fòs okirans nan lavi a? Èske ou toujou santi tèt ou kòm yon viktim? Jwenn idantite ou kòm yon vankè nan Paròl Bondye a ak pran plas ou kòm kòmandan dwa ou!
Seri 4 Kriyati Vivan ki site nan Bib la, dekri karakteristik gloye Jezi ki nou dwe posede pou nou tounen Kretyen efikas. Pandan nou egzamine nati leon nan, nou pral aprann kijan pou n bay menm karakteristik sa yo nan lavi nou nan lespri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo