Nan senkyèm jou, dizyèm mwa, douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, yon moun ki te resi chape kò l sòti lavil Jerizalèm vin pote nouvèl ban mwen, li di m lavil la tonbe nan men lènmi. Lavèy jou sa a, nan aswè, mwen te santi pouvwa Senyè a chita sou mwen avèk fòs. Nan maten, lè moun lan rive, Senyè a demare lang mwen pou m te ka pale. Mwen pat bèbè ankò.
Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
— Ras Adan! Rès moun k'ap viv nan lavil yo fin kraze nan peyi Izrayèl la ap plede di: Abraram te poukont li. Yo te ba li tout peyi a pou li. Nou menm, nou anpil. Konsa tout peyi a ap rete pou nou.
Men sa pou ou di yo: Senyè sèl Mèt la pale, li voye di nou: N'ap manje vyann ak tout san li ladan l. N'ap fè sèvis pou zidòl, n'ap mete san moun deyò, epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou? Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap fè yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm frè parèy yo. Epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?
W'a pale ak yo, w'a di yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Senyè a k'ap pale: Rès moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lagè. Moun k'ap viv andeyò yo, se bèt nan bwa ki pral manje yo. Moun kal kache kò yo nan mòn, nan twou wòch, se maladi ki pral fini ak yo. M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pèsonn ladan l. Fòs pouvwa ki te fè l ap gonfle sou moun lan pral kraze. Mòn peyi Izrayèl yo pral tounen savann. Pèsonn p'ap ka vwayaje pase ladan yo. Lè m'a pini pèp la pou tout bagay derespektan yo fè yo, lè m'a fè peyi a tounen yon dezè san pèsonn ladan l, lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Senyè a di mwen konsa:
— Ras Adan! Tout pèp la sou do ou lè yo kontre yonn ak lòt bò miray lavil la, nan papòt lakay yo. Yonn ap di lòt: ann al tande ki mesaj Senyè a voye ban nou fwa sa a! Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen. Pou yo, ou pa anyen pase yon mizisyen ki gen bèl vwa, k'ap chante bèl ti chante swa, ki konn jwe mizik byen. Y'ap koute tou sa w'ap di yo, men yo p'ap fè sa ou di yo fè.
Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo.