Ezekyèl 29
29
Mesay pou peyi Lejip
1Sou douzyèm jou nan dizyèm mwa, dizyèm #Eze 26.1 lanne depi yo te depòte nou an, Senyè a pale avè m, li di m konsa:
2— Ras #Eza 19.1 Adan! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Lejip. Bay mesaj sa a sou Farowon an, wa peyi Lejip la, ak sou tout peyi Lejip la. 3Pale #Eza 27.1; 51.9; Jer 44.30; Eze 32.2 avè l. Di li men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba li.
— Ou menm farawon an, wa peyi Lejip, mwen pral leve dèyè ou tou.
Ou tankou yon gwo kayiman ki kouche nan larivyè Nil la.
Ou di se pou ou larivyè Nil la ye, se ou ki fè l. #29.3: se ou ki fè l: Osinon dapre tèks ebre a se ou ki fè tèt ou.
4Mwen #2 Wa 19.28; Eze 38.4 pral kwoke yon zen antravè nan machwa ou.
Tout pwason larivyè a pral kole sou ou.
Lèfini, m'ap rale ou sòti nan larivyè a ak tout pwason yo kole sou ou.
5Mwen #Jer 7.33; Eze 32.4 pral voye ou jete ansanm ak tout pwason yo nan dezè a.
Ou pral tonbe atè a. Yo p'ap ranmase ou, ni yo p'ap antere ou.
M'ap fè ou rete la pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa vin manje ou.
6Lè #2 Wa 18.21 sa a, tout moun peyi Lejip yo va konnen
se mwen menm ki Senyè a.
Senyè a di ankò:
— Moun pèp Izrayèl yo te konte sou ou,
men ou pat pi solid pase yon baton wozo.
7Lè #Eza 30.3,5; Jer 37.5-8; Eze 17.17 yo apiye sou ou, ou kase nan men yo,
ou dechire tout po men yo.
Wi, lè yo apiye sou ou,
yo tonbe, ren yo kase. #29.7: ren yo kase: Osinon dapre tèks ebre a ou fè do yo kanpe dwat.
8Se poutèt sa, kounyeya, men sa Senyè sèl Mèt la di ou: Mwen pral voye moun atake ou avèk nepe. Yo pral touye dènye moun ak dènye bèt lakay ou. 9Peyi Lejip la pral tounen yon dezè kote moun pa rete, yon pil mazi. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Ou te di se pou ou Nil la ye, se ou ki fè l. 10Enben, #Eze 30.12 mwen pral leve dèyè ni ou, ni Nil ou a. Mwen pral fè peyi Lejip la tounen yon pil mazi, yon dezè kote moun pa rete depi lavil Migdòl nan nò jouk lavil Aswan nan sid, rive desann sou fontyè peyi Letyopi. 11P'ap #Eze 32.13; 35.7 rete yon moun ni yon bèt nan peyi a. Pandan karant lanne peyi a ap rete san yon moun ladan l. 12M'ap #Jer 46.19; Eze 30.7,23,26 fè peyi Lejip la tounen peyi ki pi devaste sou tout latè. Pandan karant lanne tout lavil peyi Lejip yo pral tounen mazi. Y'ap kraze pi mal pase mazi nenpòt ki lòt lavil ki devaste. Mwen pral depòte moun peyi Lejip yo nan lòt nasyon. M'ap gaye yo nan divès lòt peyi.
13Men #Jer 46.26 sa Senyè sèl Mèt la di ankò: Apre karantan, m'ap pase men pran moun peyi Lejip yo nan mitan lòt nasyon kote mwen te gaye yo a, 14m'ap #Eze 17.14 mennen yo tounen lakay yo. M'ap fè yo al rete nan zòn Patwòs la, kote zansèt yo te sòti a. Y'ap fòme yon ti peyi tou fèb. 15Lè sa a, se va pi piti peyi nan tout peyi sou latè. Li p'ap janm rive donminen okenn lòt nasyon. L'ap tèlman fèb, li p'ap janm ka fòse okenn lòt nasyon fè volonte li. 16Pèp #Eza 30.2,3; Lam 4.17 Izrayèl la p'ap janm bezwen konte sou li ankò. Sa va fè pèp Izrayèl la chonje jan li te gen tò pou l te fye moun sa yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Senyè a ki sèl Mèt la.
Nebikadneza pral anvayi Lejip
17Nan #Eze 29.1 premye jou nan premye mwa, vennsetyèm lanne depi yo te depòte nou an, Senyè a pale avè m, li di m konsa:
18— Ras #Jer 27.6; Eze 26.7 Adan! Nebikadneza, wa Babilòn nan, fè lame li a fè yon gwo jefò pou y'al atake lavil Tir. Li fè sòlda travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo. Tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame li a pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la. 19Se #Eze 32.11,12 poutèt sa, men sa Senyè sèl Mèt la di: Mwen pral bay Nebikadneza, wa Babilòn lan, peyi Lejip la pou li. Li pral pran tout richès li yo, l'ap mete men sou tou sa li jwenn, l'ap piye peyi a nèt: Se konsa la peye sòlda li yo. 20Wi, #Jer 25.9 pou tout gwo sèvis li rann mwen yo, m'ap fè l kado peyi Lejip la. Paske, se pou mwen yo t'ap travay. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.
21Lè #Sòm 132.17; Eze 24.27; Lik 1.69 sa a, m'ap fè pèp Izrayèl la pran fòs. Ou menm menm, Ezekyèl, m'ap ba ou lizaj lapawòl ankò pou tout moun ka tande ou. Konsa, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Chwazi Kounye ya:
Ezekyèl 29: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.