Ezekyèl 24:1-27

Ezekyèl 24:1-27 HAT98

Nan dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi yo te depòte pèp Izrayèl la, Senyè a pale avè m, li di m konsa: — Ras Adan! Ekri dat jodi a. Paske se jodi a wa Babilòn nan pral sènen Jerizalèm. Ou pral bay yon pawoli sou ras moun tèt di sa yo. W'a di yo men mesaj Bondye sèl Mèt la voye ba yo: Mete yon chòdyè sou dife, plen li dlo. Mete vyann ladan l, pi bon moso vyann ou konnen: jigo ak zepòl. Mete bon moso zo ladan l tou. W'a pran yo nan mouton ki pi gra yo. Mete bon bwa anba chòdyè a. Kite dlo a bouyi byen bouyi jouk vyann lan ak zo yo byen kwit. Men sa Senyè sèl Mèt la di apre sa: — Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chòdyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l. Li fè anpil san koule nan mitan li. Men, san an pa koule atè pou pousyè te kouvri l. San an koule sou wòch. Mwen kite san an la sou wòch yo, kote yo pa ka kouvri l, pou l ka mande revanj paske sa fè m fache anpil. Men sa Senyè sèl Mèt la di: — Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a. Se mwen menm ki pral fè yon gwo pil bwa. Pote bwa ankantite toujou! Limen dife a! Kwit vyann yo byen kwit! Mete plis zepis ladan! Boule zo yo! Mete chòdyè fè a tou vid sou chabon dife yo. Kite l vin tou wouj. Konsa lawouj la va tonbe, l'a dekale. Chòdyè a va vin pwòp ankò pou l ka sèvi. Ala traka pou wete lawouj la! Atousa, lawouj la p'ap fin sòti nèt nan dife a. Jerizalèm, lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinay ou yo. Mwen te sòti pou m te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen. Se mwen menm, Senyè a, ki pale. Lè a rive pou m fè sa m te di m'ap fè a. Mwen p'ap chanje lide. M'ap san pitye, mwen p'ap pran priyè. Yo pral pini ou pou sa ou te fè, pou jan ou te mennen bak ou. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa. Senyè a pale avè m, li di m konsa: — Ras Adan! Mwen pral rete konsa, mwen pral pran moun ou renmen tankou de grenn je nan tèt ou a. Men, pa plenyen, pa rele pa kite dlo kouri nan je ou! Plenn sò ou. Men, pa kite moun tande ou! Pa fè anyen ki pou moutre ou nan lapenn tankou yon moun ki gen lanmò. Mare bèl foula ou nan tèt ou. Mete sapat nan pye ou. Pa kouvri figi ou. Pa manje manje moun voye ba ou. Jou sa a nan maten, mwen t'ap pale ak pèp la. Nan aswè, madanm mwen rete konsa, li mouri. Nan denmen maten, mwen fè jan Senyè a te di m fè a. Pèp la mande m: — Eske ou ka di nou poukisa ou fè sa w'ap fè la a? Mwen reponn yo: — Senyè a te pale avè m, li te di m, pou m di moun pèp Izrayèl yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè. Lè sa a, n'a fè jan nou wè m fè a. Nou p'ap kouvri figi nou, nou p'ap manje pen nan men moun. N'ap toujou mare bèl foula nan tèt nou. N'ap toujou mete sapat nan pye nou, nou p'ap rele, nou p'ap kriye jan moun yo fè lè yo gen lanmò. Men, nou pral deperi akòz mechanste nou yo. Nou pral plenn sò nou yonn bay lòt. Ezekyèl menm pral yon siy pou nou. N'a fè menm jan li te fè a. Lè bagay sa a va rive, n'a konnen se mwen menm ki Senyè sèl Mèt la. Senyè a di m konsa: — Nonm o! M'ap wete nan men yo kay byen solid ki te tout pwoteksyon yo a, bèl kay ki te fè kè yo kontan an, kay yo te renmen tankou de grenn je nan tèt yo a, kay yo te fèb anpil pou li a. M'ap wete l ansanm ak pitit gason ak pitit fi yo. Jou sa a, yon moun va chape kò l, l'a kouri vin pote nouvèl la ba ou. Menm jou sa a, w'a ka louvri bouch ou pale ak moun ki chape a. Wi, w'a ka pale, ou p'ap bèbè ankò. Se konsa ou va yon siy pou pèp la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.