Lè sa a, se te dizyèm jou nan senkyèm mwa setyèm lanne depi yo te depòte pèp la nan peyi Babilòn. De twa chèf fanmi nan pèp Izrayèl la vin jwenn mwen pou m te ka pale ak Senyè a pou yo. Yo te chita devan m. Lè sa a, Senyè a pale avè m, li di m konsa:
— Ras Adan! Pale ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo. Di yo men mesaj Senyè sèl Mèt la voye di yo: nou vin chache konnen volonte mwen, pa vre! Jan nou konnen mwen vivan an, mwen p'ap kite moun mande mwen anyen. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.
Ras Adan! Eske ou pare pou ba yo santans yo? Eske ou pare? Fè yo chonje tout vye krim zansèt yo te konn fè. W'a di yo: Men mesay Senyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Lè mwen te chwazi pèp Izrayèl la, moun fanmi Jakòb yo, mwen te fè sèman ba yo, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye lè yo te nan peyi Lejip la. Mwen te fè sèman ba yo, mwen te di yo se mwen menm Senyè a ki Bondye yo. Lè sa a, mwen te fè sèman m t'ap fè yo sòti kite Lejip la, m t'ap mennen yo nan yon peyi mwen te chwazi pou yo, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule kou dlo, yon peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi. Mwen te di yo se pou yo te voye jete tout vye zidòl derespektan yo te renmen yo. Se pa pou yo avili tèt yo nan sèvi vye zidòl peyi Lejip yo. Paske se mwen menm Senyè a ki Bondye yo. Men, yo te kenbe tèt avè m, yo derefize koute m. Yo yonn pat voye vye zidòl derespektan yo te renmen yo jete. Yo tout te derefize kite vye zidòl peyi Lejip yo. Lè sa a, la menm nan peyi Lejip la, m te fè lide pou m te fè yo wè jan m te move, pou m te fè yo santi sa m ta ka fè yo lè m fache. Men, mwen pat fè l pou sa pat bay pèp peyi kote yo t'ap viv la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou, paske se devan tout pèp sa yo mwen te fè moun Izrayèl yo konnen mwen t'ap fè yo sòti kite peyi Lejip la.
Se konsa, mwen fè yo sòti kite peyi Lejip. Mwen mennen yo nan dezè a. Mwen ba yo lòd mwen, mwen fè yo konnen prensip mwen yo, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Lèfini, mwen ba yo jou repo m yo pou sa fè yo chonje kontra mwen siyen ak yo, pou yo pa janm bliye se mwen menm, Senyè a, k'ap fè yo viv apa pou Bondye. Men, depi nan dezè a menm, moun Izrayèl yo t'ap kenbe tèt avè m. Yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m yo menm. Lè sa a, mwen te fè lide pou m te fè yo santi sa m ta ka fè yo lè m move: m te ka disparèt yo tout la nan dezè a. Men, mwen pa fè l pou sa pat bay pèp ki te wè lè m t'ap fè yo kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou. Se konsa mwen sèmante nan dezè a, mwen pa t'ap mennen yo nan peyi m'te ba yo a, peyi kote lèt ak siwomyèl se tankou dlo, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi. Mwen te fè sèman sa a paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pat mache dapre lòd mwen te ba yo. Yo pat respekte jou repo m yo tèlmam yo pat vle lage zidòl yo.
Men apre sa, kè m te fè m mal pou yo, mwen pran desizyon mwen p'ap touye yo. Se konsa, mwen pat disparèt yo tout nan dezè a. Lè sa a, mwen pale ak pitit yo nan dezè a, mwen di yo: Pa mache dapre lòd granmoun lontan nou yo. Pa swiv menm prensip ak yo. Pa al avili tèt nou nan sèvis zidòl yo. Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou. Swiv prensip pa mwen yo, mache dapre lòd mwen bay yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Respekte jou repo m yo pou fè wè nou kenbe kontra m te siyen ak nou an. Konsa, moun va konnen se mwen menm Senyè a ki Bondye nou.
Men, pitit yo kenbe tèt avè m tou, yo pa mache dapre lòd mwen ba yo. Yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m yo. Lè sa a, mwen te fè lide pou m te fè yo wè jan m te move, pou m te fè yo santi nan dezè a sa m ta ka fè yo lè m fache. Men, mwen kenbe men m pou m pa fè l pou sa pat bay pèp ki te wè lè m t'ap fè yo sòti kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou. Men fwa sa a, mwen fè yon lòt sèman nan dezè a, mwen sèmante m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo, m'ap simaye yo nan mitan divès peyi etranje. Mwen fè sa paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pat mache dapre lòd mwen ba yo. Yo pat respekte jou repo m yo tèlman yo pat vle lage zidòl papa yo te konn sèvi yo.
Se konsa, mwen menm bò pa m, mwen ba yo lòd ki pat twò bon ak prensip ki pa bay lavi. Mwen kite yo avili tèt yo ak ofrann y'ap fè yo, mwen kite yo boule premye pitit gason yo pou zidòl yo. Se pou m te ka fè yo pè, pou m te ka fè yo konnen se mwen menm ki Senyè a.
Kounyeya, nonm o, pale ak moun pèp Izrayèl yo! Di yo: Men mesay Senyè ki sèl Mèt la voye ba yo. La ankò zansèt nou yo te manke m dega, yo pat kenbe pawòl yo ak mwen. Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo. Mwen mande yo poukisa tout kay zidòl sa yo kote yo prale a? Depi lè sa a, yo rele kote sa yo Kay Zidòl jouk jòdi a. Kounyeya, di moun pèp Izrayèl yo: Men mesay Senyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Poukisa pou n'ap avili tèt nou tankou zansèt nou yo te fè yo, pou n'ap kouri fè sèvis pou zidòl yo? Jouk jòdi a, n'ap fè ofrann bay yo, n'ap bay pitit nou pou yo boule pou zidòl yo. N'ap plede avili tèt nou ak tout vye zidòl sa yo. Lèfini, pou m ta kite nou vin mande mwen kisa mwen vle nou fè ankò? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap penmèt nou mande m anyen! Se mwen menm, Senyè ki sèl Mèt la, ki di sa! Nou gen yon sèl lide nan tèt nou: N'ap plede di se pou nou tankou lòt nasyon yo, tankou moun k'ap viv nan lòt peyi yo, k'ap fè sèvis pou pyebwa ak wòch. Men, nou p'ap janm wè sa rive.