Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
— Ras Adan! Fè moun Jerizalèm yo rekonèt tout vye bagay derespektan yo te fè yo. W'a di moun lavil Jerizalèm yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou se moun peyi Kanaran, se la nou fèt. Papa nou te yon moun peyi Amori, manman nou yon moun peyi Et. Jou ou sòti nan vant manman ou lan, yo pat koupe kòd lonbrit ou, yo pat lave ou nan dlo pou yo te pwòpte ou, yo pat fwote ou ak gwo sèl, yo pat menm vlope ou nan moso kòt. Pèsonn pat gen pitye pou ou pou yo te rann ou yonn nan ti sèvis sa yo. Lè ou te fèt la, pèsonn pat vle wè ou, yo voye ou jete nan jaden. Mwen vin ap pase bò la, mwen wè ou t'ap benyen nan san ou. Atout ou t'ap benyen nan san ou, mwen di mwen p'ap kite ou mouri, se pou ou viv. Se pou ou grandi tankou yon plant nan jaden. Ou grandi, ou fòme, ou vin yon bèl jenn fi. Tete ou yo te byen kanpe, pwal te pouse sou kò ou. Men, ou te toutouni. Mwen vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Senyè ki sèl mèt la ki di sa.
Apre sa, mwen pran dlo, mwen lave ou, mwen wete tout san ki te sou kò ou. Mwen basinen ou ak lwil santi bon. Mwen mete bèl rad bwode sou ou, yon pè soulye fèt ak po bazann nan pye ou, yon bèl moso twal fen blan mare nan ren ou, ak yon chal swa.
Mwen kouvri ou ak bijou, mwen mete brasle nan ponyèt ou, m pase bèl chenn nan kou ou. Mwen mete yon grenn zanno nan nen ou, yon pè zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn sou tèt ou. Ou te plen bijou lò ak bijou ajan. Ou te toujou mete bèl rad twal fen ak rad swa byen bwode sou ou. Ou manje pen ki fèt ak pi bon kalite farin ansanm ak siwo myèl ak lwil. Chak jou ou vin pi bèl, jouk ou rive larenn. Nan tout lòt nasyon yo, yo t'ap nonmen non ou pou jan ou te bèl. Pou bèl, ou pa te pi bèl pase sa non. Se mwen menm ki fè ou vin bèl konsa. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.
Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo. Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini. Ou pran bijou lò ak bijou ajan mwen te ba ou yo, ou bay yo pou yo fè estati gason. Epi ou kouche ak estati yo. Ou biye estati ou yo ak bèl rad bwode mwen te ba ou yo. Ou pran lwil ak lansan ki te pou mwen yo, ou ofri yo bay estati ou yo. Mwen te ba ou pi bon kalite farin pou fè pen pou ou manje ansanm ak siwo myèl ak lwil. Ou pran yo, ou ofri yo bay zidòl ou yo, ou boule yo nan dife pou yo te ka ba ou chans. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di wi, se sa ou fè.
Apre sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pat ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo kifè ou te bezwen koupe kou pitit mwen yo, lèfini pou ou te boule yo nan dife pou zidòl ou yo? Pandan tout tan ou t'ap viv nan dezòd sa a, ou pa janm chonje lè ou te piti, lè ou te toutouni ap benyen nan san ou lan?
Senyè sèl Mèt la di ankò:
— Madichon, madichon pou ou! Lè ou fin fè tout mechanste sa yo, sou tout rebò granchemen yo, ou bati tanp pou sèvi zidòl ou yo, pou fè metye jennès ou a. Nan chak kalfou granchemen, ou bati yon tanp kote ou trennen bèlte ou la nan labou. W'ap ofri tèt ou bay dènye moun k'ap pase. Chak jou ou te vin pi mal. W'al kouche ak moun peyi Lejip yo, vwazen ou yo ki grannèg anpil. Ou fè, ou fè jouk ou fè m fache. Se konsa, mwen lonje men m sou ou pou m pini ou, mwen koupe moso nan sa ki te vin pou ou a. Mwen lage ou nan men lènmi ou yo, moun peyi Filisti yo, ki pat ka santi tout vye bagay sal ou t'ap fè yo. Men moun sa yo pat ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pat ba ou kont plezi ou. W'al fè jennès ak moun Babilòn yo, gwo kòmèsan sa yo. Men yo menm tou, yo pat ba ou kont plezi ou!
Men sa Senyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pat move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale. Ou bati yon lotèl repozwa nan chak kalfou granchemen. Ou bati tanp sou tout rebò granchemen yo. Men, se pat dèyè lajan ou te ye tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Ou te tankou yon madanm marye ki nan dezòd, ki pito fè bèl ak lòt gason pase pou li renmen mari l. Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo sòti toupatou vin kouche avè ou. Ou pat tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Pèsonn pat fòse ou fè sa. Yo pat peye ou pou sa. Se ou ki t'ap peye moun vin kouche avè ou! Non! Ou pat tankou lòt jennès yo!
Kounyeya, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Senyè a ap di: Men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl. Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.
M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou. M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni.
Yo pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo. Y'ap boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado.