Ezekyèl 13:1-23

Ezekyèl 13:1-23 HAT98

Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa: — Ras Adan! Denonse pwofèt pèp Izrayèl yo. Denonse moun sa yo k'ap bay mesaj yo menm yo fè yo. Di yo: manyè koute pawòl Senyè a. Men mesaj Bondye Sèl Mèt la bay: Madichon pou pwofèt moun tèt loke sa yo! Se yo menm ki fè mesaj y'ap bay la. Yo pa janm fè vizyon vre. Koute, moun Izrayèl: pwofèt nou yo p'ap sèvi nou anyen. Yo tankou chat mawon k'ap viv nan vye kay kraze moun bandonnen. Yo pa moute lagad kote miray la kraze a, ni yo pa refè miray yo. Konsa moun Izrayèl yo pa gen defans lè lagè va pete jou jijman Senyè a. Vizyon y'ap fè yo se pou twonpe moun, mesay y'ap bay yo se manti. Yo pretann di se mesay Bondye y'ap bay. Men, se pa mwen menm ki janm pale ak yo. Lèfini, yo konprann pou m fè sa yo di k'ap rive a rive vre. Mwen tou di yo: Vizyon y'ap fè yo se tèt yo y'ap twonpe. Mesay y'ap bay yo se manti. Y'ap plede di men mesay Bondye bay. Men, mwen pat janm pale ake yo. Se poutèt sa, men sa Senyè a, Bondye sèl Mèt la, di yo: Se twonpe n'ap twonpe moun ak pawòl nou yo. Tout vizyon nou yo se manti. Se poutèt sa m'ap leve dèyè nou tou! Se mwen menm Senyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Mwen pral pini pwofèt k'ap fè vizyon pou twonpe moun, k'ap bay mesay ki pa laverite. P'ap gen plas pou yo lè pèp la va reyini. Yo p'ap gen non yo sou lis fanmi pèp Izrayèl yo. Yo p'ap janm tounen nan peyi a ankò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a, Bondye sèl Mèt la. Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm, y'ap pwonmennen di tout bagay anfòm. Pèp la leve yon miray wòch san mòtye. Pwofèt yo menm vini, yo annik blanchi miray la. Di moun k'ap pase dlo lacho sou miray la: Miray la pral tonbe. Mwen pral voye yon gwo lapli. Lagrèl pral tonbe, yon gwo van tanpèt pral soufle. Lè miray la fin tonbe, y'a mande yo kisa dlo lacho a te fè pou miray la. Enben, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral fè yon sèl kòlè, m'ap voye yon gwo van tanpèt, yon gwo lapli ak lagrèl ki pral tonbe pou kraze miray la. M'ap lage miray nou blanchi a atè. M'ap kraze li plat. Ata dan wòch fondasyon yo pral parèt deyò. Miray la ap tonbe sou nou. L'ap kraze nou. Lè sa a, nou tout va konnen se mwen menm ki Senyè a. Mwen pral move sou miray la ansanm ak tout moun ki te blanchi li a. Lè m'a fin fè sa mwen gen pou mwen fè yo a, m'a di nou: Miray la pa la ankò, ni bann moun ki te blanchi li yo, bann pwofèt pèp Izrayèl yo k'ap bay bèl mesay pou lavil Jerizalèm lan. Anyen p'ap mache nan peyi a, epi yo menm y'ap plede di yo fè vizyon tout bagay ap mache byen. Se mwen menm Senyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Senyè a di ankò: — Ras Adan! Koulyeya, vire tèt ou gade nan direksyon medam k'ap fè mesaj yo yo menm nan! Yo pran pòz pwofèt yo nan mitan pèp Izrayèl la! Denonse yo! Lèfini, di yo men sa Senyè a, Bondye sèl Mèt la, voye di yo: Madichon pou nou, medam! N'ap mare kòd w'anga nan ponyèt tout moun. N'ap moute mouchwa tèt pou tout kalite moun pou yo ka gen pouvwa pran nanm moun. Nou dèyè pou nou gen pouvwa fè sa nou vle ak nanm lòt moun san anyen pa rive nou. N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou. Enben! Men sa Senyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Mwen pa vle wè kòd w'anga nan ponyèt nou yo. Se ak yo nou sèvi pou nou pran nanm lòt moun tankou zwazo nan pèlen. M'ap rache yo nan ponyèt nou. M'ap delivre moun nou te pran nan pèlen yo pou y'al fè wout yo. M'ap rache mouchwa tèt nou yo, m'ap sove pèp mwen an anba men nou. Nou p'ap ka fè sa nou vle ak yo ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo. Enben! Se poutèt sa kounyeya, nou p'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, ni nou p'ap ba yo manti sou sa ki pral rive yo. Mwen pral sove pèp mwen an anba men nou. Konsa, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.