Apre sa, Lespri a pran m', li leve m' anlè, li mennen mwen bò gwo pòtay Tanp lan ki bay sou solèy leve. Toupre pòtay la, mwen wè vennsenk mesye. Pami yo, te gen de chèf peyi a: Jazanya, pitit Azou, epi Pelatya, pitit Benaja. Bondye di mwen ankò:
— Ras Adan! Mesye sa yo gen move lide k'ap travay nan tèt yo. Y'ap bay move konsèy lavil la. Y'ap plede di: Talè konsa nou p'ap ka bati kay ankò! Lavil la tankou yon chòdyè sou dife, nou menm, nou tankou vyann ladan l. Nou pa bezwen fè anyen kote nou ye a. Se poutèt sa, men mesaj m'ap ba ou pou di sou yo.
Lespri Senyè a desann sou mwen ankò. Senyè a ban m lòd pou m bay pèp la mesay sa a:
— Nou menm fanmi Izrayèl la, mwen konnen sa n'ap di, mwen konnen lide nou gen dèyè tèt nou. Nou sitèlman touye moun isit nan lavil la, lari yo plen kadav. Konsa, men sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, m'ap di nou: Wi, lavil la tankou yon chòdyè. Men kisa ki vyann lan? Se kadav moun nou touye yo! Nou menm menm m'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. Nou pè lagè, pa vre? Enben, m'ap voye lagè sou nou! Se mwen menm menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa. M'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. M'ap lage nou nan men moun lòt nasyon yo. M'ap pini nou jan m te pwomèt nou sa a. N'ap mouri nan lagè nan mitan peyi nou an. Se la m'ap pini nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Lavil sa a p'ap pwoteje nou jan chòdyè pwoteje vyann ki ladan l. Se nan mitan peyi Izrayèl la menm m'ap pini nou. Wi, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Pase pou nou te swiv lòd mwen yo, pase pou n te fè sa m mande nou fè, nou te pito swiv vyè mès pèp k'ap viv nan peyi ki bò kote nou yo.
Antan m'ap bay mesay la, Pelatya, pitit gason Benaja a, tonbe li mouri frèt. Mwen lage kò m ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè, mwen rele byen fò, mwen di:
— O Senyè, Bondye sèl Mèt la! Eske ou pral touye ti rès moun ki rete nan pèp Izrayèl la?
Senyè a pale avè m ankò, li di:
— Ras Adan! Moun ki rete lavil Jerizalèm yo ap pale sou ou, sou frè ou, sou fanmi ou, sou tout moun Izrayèl yo depòte yo. Y'ap di: moun yo depòte yo twò lwen pou yo ka fè sèvis pou Senyè a. Se konsa Senyè a ban nou peyi a pou rele nou pa nou.
Se poutèt sa, men mesay Senyè a, Bondye sèl Mèt la, bay pou moun yo depòte yo. Wi, se mwen menm ki te voye yo al viv byen lwen nan mitan lòt nasyon yo, mwen gaye yo nan yon bann lòt peyi. Men, m'ap toujou la avèk yo nan peyi kote yo ale a tankou si m te nan kay yo mete apa pou mwen an.
Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo sòti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo. Lè y'a tounen, y'a wete tout vye zidòl y'a jwenn ansanm ak tout vye bagay derespektan ki t'ap fèt nan peyi a. M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè wòch yo te genyen an, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman. Konsa, y'a mache dapre lòd m'a ba yo. Y'a fè tou sa m'a mande yo fè. Y'a koute m lè m'a pale yo. Se pèp pa m lan menm yo pral ye, mwen menm mwen pral Bondye yo. Men, m'ap pini moun ki pa vle lage vye zidòl yo, ki toujou sòti pou yo fè vye bagay derespektan yo. M'ap pini yo pou sa yo fè. Se mwen menm, Senyè a, Bondye sèl Mèt la, ki pale.
Bèt vivan yo pran vole, wou yo pati ansanm ak yo. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anwo yo. Bèl limyè prezans Senyè a sòti kite lavil la, l'ale poze sou mòn ki te sou bò solèy leve a. Nan vizyon an toujou, mwen wè Lespri a pran m', li mennen m' tounen Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Epi vizyon an disparèt. Mwen rakonte moun yo te depòte yo tou sa Senyè a te fè m wè.