Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Egzòd 9:27-35

Egzòd 9:27-35 HAT98

Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: — Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Senyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò. Lapriyè Senyè a pou l fè loray la sispann, pou l fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m kite nou ale. Nou pa bèzwen rete ankò. Moyiz di l konsa: — Sòti m sòti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Senyè a. Loray la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Senyè a li ye. Men mwen konnen ni ou menm, ni moun pa ou yo, nou poko ap respekte Senyè a, Bondye a. Tout pye koton swa yo ak tout jaden lòj yo te boule. Lòj la te deja fè grap, koton yo t'ap fleri. Men ble ak pitimi pat gate, paske yo toujou an reta sou lòt plant yo. Moyiz sòti lakay farawon an, l'al andeyò lavil la. Li lapriyè nan pye Senyè a. Loray la sispann, lagrèl la rete. Pat gen lapli ankò. Lè farawon an wè lapli a, lagrèl la ak loray la sispann, li kontinye fè peche toujou. Li fè tèt di, li menm ansanm ak tout moun pa l yo. Nan fè tèt di sa a, li pat kite moun pèp Izrayèl yo ale, jan Senyè a te fè Moyiz al di l la.

Li Egzòd 9

Koute Egzòd 9

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 9:27-35

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo