Senyè a di Moyiz konsa: — Leve granmaten, al parèt devan farawon an. W'a di l: Men sa Senyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka al fè sèvis pou mwen. Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m sou tout latè. Si mwen te lonje men m pou m te lage lanmò sou ou ansanm ak tout pèp ou a, nou tout nou te disparèt nèt sou latè. Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m sou tout latè. Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale. Koute! Fwa sa a, denmen mwen pral fè lagrèl tonbe tankou lapli, bagay moun poko janm wè nan peyi Lejip, depi peyi a peyi jouk jounen jòdi a. Kounyeya, bay lòd pou yo pran tout bèt nou gen nan jaden ak tout lòt bagay nou gen deyò mete yo anndan kay pou pwoteje yo. Paske, yon gwo lagrèl pral tonbe sou tout moun ak sou tout bèt ki deyò. Yo pral mouri. Te gen kèk moun nan moun pa farawon yo ki te pè lè yo tande sa Senyè a te di. Yo fè tout domestik yo ansanm ak tout bèt yo antre anba kay.
Li Egzòd 9
Koute Egzòd 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 9:13-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo