Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Egzòd 8:8-15

Egzòd 8:8-15 HAT98

Farawon an rele Moyiz ak Arawon, li di yo: — Lapriyè Senyè a, mande l pou l chase krapo sa yo sòti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Senyè a. Lè sa a Moyiz di farawon an: — Se ou menm, farawon, ki konnen kilè ou vle pou m lapriyè Senyè a pou ou, pou moun pa ou yo ansanm ak pèp ou a. Wi, se ou ki pou di m kilè ou vle pou Senyè a wete krapo sa yo lakay ou ak nan kay pèp ou a, pou yo rete nan larivyè a ase. Farawon an reponn: — W'a fè sa denmen. Moyiz di li: — Sa va pase jan ou di l la, pou ou sa konnen pa gen Bondye tankou Senyè a, Bondye nou an. Krapo yo pral sòti lakay ou, y'a wete kò yo sou ou, sou moun pa ou yo ak sou pèp ou a. Se nan gwo larivyè a ase va gen krapo. Moyiz ak Arawon sòti lakay farawon an. Moyiz lapriyè Senyè a ak tout kè l pou krapo li te voye sou farawon yo. Senyè a fè sa Moyiz te mande l la: krapo yo mouri toupatou, nan kay, nan lakou, nan jaden. Moun peyi Lejip yo ranmase yo fè gwo pil. Toupatou nan peyi a te santi move ak krapo mouri yo. Lè farawon an wè yo te ba l yon souf, li konmanse fè tèt di ankò. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Senyè a te di a.

Li Egzòd 8

Koute Egzòd 8

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 8:8-15

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo