Senyè a di Moyiz ak Arawon konsa: — Si farawon an mande nou fè yon mirak pou moutre ki moun nou ye, ou menm Moyiz w'a di Arawon pran baton l lan, voye l atè devan farawon an. Baton an va tounen yon koulèv. Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Senyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv. Men farawon an rele nèg save l yo ak divinò l yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou. Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo. Farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pat vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Senyè a te di a.
Li Egzòd 7
Koute Egzòd 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 7:8-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo